Nan non tout kinan m’ yo,
Menm lè nou te pwomèt pou kite « chen yo jape », pandan nap
kontinye fè sa n konn fè pi byen an ki se devwa sivik ak moral, jounen
jodi a ; nou sòti nan silans paske n’ pa vle pou yo entèprete l kòm yon
krent, lapèrèz, yon atitid lach osnon achtèt figi.
Pou sila yo ki pat konnen, istwa Vorbe yo se pa yon istwa ki fèt ayè la a.
se yon istwa ki kòmanse byen lontan, depi peryòd kolonyal nan lane
1764, lè François Xavier VORBE, biznisman/batisè te debake nan sen
domeng, ki ta pral tounen Haïti 1 er Janvier 1804. (youn nan gwo prèv
istwa Vorbe nan peyi sa a ki la jouk jounen jodi, se pon la rivyè wo-
dikap nan Lori, ki te konstwi nan lane 1789).
Se te nan epòk sa a, souch rasin Vorbe la, ki nan peyi a depi plis pase
300 zan, te plante. Sòti okap rive Jeremi, pase Gonayiv ak mòn kabrit,
pò Sali a pòtoprens… istwa Vorbe yo fè laviwonn peyi dayiti !
Inyon Jean Vorbe ak Marguerite Roy nan lane 1943 ta pral fonde yon
fanmi ki gen 12 fre ak sè ladan l. fanmi sa ta pral enstale l nan nimero
65 nan riyèl Roy nan bapedchoz jouk nan lanne 2010, aprè pasaj gwo
tranblemann tè 12 janvye nan ane sa a. Pandan plis pase 60 lane, paran
nou yo pat janm sispann ban nou bon jan edikasyon pou n te ka vini
sitayen chaje ak moral. Yo te aprann nou sitou, pou n te fè lonè nou,
diyite nou, yo te aprann nou pou nou onèt, pou nou respekte angajman
nou pran epi ret kanpe doubout devan difikilte nou kapab rankontre.
Sou tab lakay nou lè nap manje ansanm, nou te konn abòde tout kalte
sijè. Nou te konn diskite sou tout bagay. Kèlkeswa laj, sèks nou, nou te
konn pran tan pou n koute youn/lòt. Pòt kay nou nan riyèl Roy te
toujou byen louvri pou, non sèlman manm fanmi an men tou, pou
vwazen, zanmi ak kanmarad klas nou yo, kòlèg travay nou, kòlèg nou
nan zafè espò ak pou tout moun nou te konn rankontre san n’ pat
prevwa sa. Nou te konn akeyi yo san pote jijman sou yo, swa nan ki
kouch yo sòti, ki relijyon yo ni koulè ak kondisyon ekonomik yo. Lakay
nou, nou te bay moun priyote. Nou te bay vrè valè sitwayen, repibliken
ak moral priyorite. Kèlkeswa ran sosyal, kondisyon ekonomik ak koulè
yon moun, nou te montre n solidè ak li. Nou patkonn jije moun sou ni
ras, ni klas. Nou te konn aplike prensip « an n viv youn pou lòt »
Nan lane 1960, lè diktati a ta pral mete pye, tout krèm ak sèvo peyi a te
blije mawon, al viv nan kanpe lwen. Anpil moun ta pral met van nan
vwèl yo pou al pran kanmpo lakay tonton Sam, kanada, afrik, ewòp ak
kèk lòt kote nan antiy yo. Malgre Papa nou pat travay pandan 7 an
lakoz rejim nan te mete l sou kote nan sosyete a, sa ki te reprezante
yon menas pou li ak fanmi nou, li pat dekouraje. Li te tchenbe fèm
devan tout difikilte sa yo ak tout kòd fanmi l pandan l te gen sètitid ; tè
sa a ki se patri li, te gen bezwen l ak tout ekspètiz li. Malgre tout
difikilte, li pat anbandonnen. Li te rete la e l te deside fè n grandi isit, an
Ayiti avèk yon lanmou pou peyi nou. «Pa mande sa peyi a peyi a kapab
ofri w men pito, mande kisa w ka ofri peyi a (JFK) ».
Nou enplike nou anpil nan lavi sosyal ak ekonomik peyi nou. Nou antre
nan plizyè domèn tankou konstriksyon ( nou fè wout, pon ak chose, waf
elatriye…). Nou nan sektè enèji,komès, endistri, agwonomi, espò,,
lasante, asirans, edikasyon, dwa, patisri, zèv atizanal ak kilti pou n site
sa yo sèlman.
Kiyès ki pa gen nan memwa l, koup dimonn 1974 la? Kote drapo ayisyen
an,, ki se fyète nasyonal la tap flote nan vil Munich an almay. Kote yo
tap chante im nasyonal la ki se la Dessalinienne. Kiyès ki pa sonje menè
je seleksyon nasyonal la nan epòk sa a ak nimewo 7 li nan do l ? kiyès ki
pa sonje Philippe Vorbe ?
Kiyes ki pa gen koup dimon i-17 la, ki tap fèt nan lanne 2007 nan
memwa l? lè drapo a, ki se fyète nou tap flote nan kore disid. Kote yo
tap chante im nasyonal la ki se la Dessalinienne. Kiyès kip a sonje
atakan seleksyon nasyonal I-17 la nan epòk sa a ak nimewo 7 li nan do
l ? kiyès kip a sonje Fabien Vorbe. ?
Yon pakèt lòt nan nou ki tap sèvi peyi nou avèk menm detèminasyon
an, menm fyète a ak menm lanmou an.
Li fè lapenn anpil jounen jodi a pou m oblije ap raple, souliye epi jistifye
apatenans nou ak peyi nou (78 desandan dirèk ak 135 Vorbe ak alye
yo) !...
Li fè lapenn jounen jodi a pou n wè djòl alèlè kap bay manti sou
nou.!...
Li fè lapenn jounen jodi a pou n wè medizan kap detwi ak bouch yo
tout sa n te redi travay pandan tout vi nou!...
Li fè lapenn jounen jodi a pou n tande moun kap degize sa nou di, ba
l tout koulè pou fè moun sòt plezi, pou fè n ènmi!...
POUkisa ???
Poukisa tout rayisman sa? Poukisa tout enjistis sa ? Poukisa tout fo
pawòl sa yo ? Poukisa tout jalouzi sa yo ?
Men…, nou pap fè bak ! nou pap bese tèt nou ! nou fò, nou djanm !
Tout bagay sa yo pap janmè chanje konviksyon nou, detèminasyon nou
pou n fè byen ak sa ki jis, pou n kontinye kenbe flanbo nou byen wo.
N’ap toujou batay pou avansman peyi n. Se sa ki motive n fè plis jefò, ki
ban nou anvi pou n lage n pi fon nan batay pou ede peyi a grandi poul
tounen yon vrè patri, yon bout tè kote esperans ap boujonnen. Yon
bout tè pou akeyi timoun nou yo. Nou pap janm sispamm batay pou
yon sosyete ki pi jis kote dwa tout moun respekte.
Kèlkeswa sa yo di, kèlkeswa sa yo fè, nap reziste paske rasin nou antre
jouk nan zantray latè e branch nou yo anpil !
LIB ÈTE ! EGALITE ! FRATÈNITE !
Nn non tout moun kip a m yo, Marie Gue, Jacinthe, Yamilée, Edwige.
lundi 23 décembre 2019
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
0 commentaires:
Enregistrer un commentaire