lundi 23 décembre 2019

Sur demande des Vorbes

Nan non tout kinan m’ yo, Menm lè nou te pwomèt pou kite « chen yo jape », pandan nap kontinye fè sa n konn fè pi byen an ki se devwa sivik ak moral, jounen jodi a ; nou sòti nan silans paske n’ pa vle pou yo entèprete l kòm yon krent, lapèrèz, yon atitid lach osnon achtèt figi. Pou sila yo ki pat konnen, istwa Vorbe yo se pa yon istwa ki fèt ayè la a. se yon istwa ki kòmanse byen lontan, depi peryòd kolonyal nan lane 1764, lè François Xavier VORBE, biznisman/batisè te debake nan sen domeng, ki ta pral tounen Haïti 1 er Janvier 1804. (youn nan...